Gid enstalasyon rapid
Anvan tout bagay, fòk nou konnen ke pwogram KÒK la mache ak lojisyèl sa yo:
- Open Office 3.0 ak sa ki vini apre yo
- Firefox 2.1 ak sa ki vini apre yo
- Thunderbird 2.0 ak sa ki vini apre yo
Pou Microsoft Word nou ka toujou ajoute lis mo Kreyòl yo nan diksyonè pèsonalize a.
Enstalasyon KÒK sou Open Office 3.0 ak sa ki vini apre yo
a) Telechaje fichye hunspell-ht-0.02.oxt la nan lyen sa a http://kok.logipam.org/telechaje/hunspell-ht-0.02.oxt
b) Ouvri Open Office writer, ale nan Tools/Outils ==> Extension Manager / Gestionnaire d'extension apre sa klike sou Add/Ajouter e al chèche fichye hunspell-ht-0.02.oxt la nan dosye sou òdinatè a epi klike sou Open/Ouvrir, yon mesaj ap mande w si ou vle enstale l reponn wi, menm kote a, korektè a gentan pare pou mache sou machin nan.
Atansyon : nan kèk ou ka bezwen fèmen e relouvri Open Office Writer.
Enstalasyon KÒK sou Firefox 2.1 ak sa ki vini apre yo
Ouvri Firefox, ale sou lyen sa a http://kok.logipam.org osinon sou https://addons.mozilla.org/fr/firefox/addon/48577, telechaje ekstansyon an, yon bwat dyalòg ap mande w si ou vle enstale l, di wi, Firefox ap mande w pou redemare l, fè sa pou ka kòmanse itilize korektè a.