Kijan KÒK fèt

Eskplikasyon sou rezon e sou fason kòk fèt


Rezondèt KÒK


De jou an jou nou remake gen plis moun k ap ekri an kreyòl. Depi kèk lane, nou remake tou gen anpil jefò k ap fèt pou ankouraje moun li ak ekri pi byen epi pi plis nan lang nan. San nou pa vle angaje tèt nou nan bay rezon pou sa, nou remake tou, plizyè moun k ap ekri an kreyòl itilize òtograf diferan pou ekri yon menm mo. Nan lide pou ankouraje yon òtograf ki menm jan nan lang nan, nan lide tou pou ankouraje moun k ap ekri kreyòl travay pi byen  ak pi vit, nou deside kreye kòk ki se yon zouti  lib e libè, ( kidonk nenpòt moun kapab chanje l, simaye l bay zanmi ak fanmi gratis e san kè sote).


Metòd ak zouti nou itilize pou fè KÒK


Metòd


Premyèman, nou ranmase (tout mo nou te ka jwenn) ki tape déjà, ou byen ki sou entènèt, answit nou tape (tout mo nou kapab) ki soti nan liv, jounal, diksyonè ak nan bouch moun pou fè lis mo ki sèvi nan korektè a. Dezyèmman, nou chwazi òtograf mo yo sou baz estatistik, sa vle di sou pousantaj fwa yon mo ekri ak yon òtograf pito pase yon lòt. Egzanp: gen yon diksyonè ki ekri egzèsis, gen yon lòt ki ekri ekzèsis. De mo sa yo vle di menm bagay poutan yo pa ekri menm jan.  Mo nou pran an konsiderasyon nan KÒK, se mo estatistik yo montre ki itilize plis fwa pase lòt la nan lang nan.


N.B KÒK pran an konsiderasyon tou diferan fason moun di osinon pwononse yon mo selon kote l soti an Ayiti.


Zouti


Pou ranmase, triye, rasanble mo yo sou entènet, nou itilize yon « web-crawler » ki rele Crubador,  nou ta di  yon zareyen wèb, ke yon nonm yo rele Kevin P. Scannell te envante. Se yon zouti K. Scannell te fè nan kad zouti lib l ap devlope pou lang minorite ak lang ki pa gen anpil resous. Plizyè peyi itilize zouti sa a deja : Mongoli, Awayi, Rwanda, Ilann, Ekòs ak anpil lòt ankò.
Kijan Crubador fonksyone ?


Pou kòmanse, fòk nou mete kèk ( kèk santèn)  mo lang nan sou eksploratè a. Gen yon rekèt ki lanse ak mo sa yo e ki transmèt yo bay Google API ki tounen yon lis dokiman ki ta sanble ekri nan lang ou vle a. Dokiman sa yo telechaje, transfòme an teks epi yo tou fòmate. Nou itilize yon konbinezon teknik ak estatistik ki sòti nan premye lis mo nou te mete anvan an, pou idantifye tout dokiman ki nan lang nan tout bon. Epi wobo a tounen swiv lyen ki te mennen l nan dokiman sa yo, pou l pran yo. Pwosesis sa a repete avèk lòt rekèt jouk nou satisfè.


Apre travay sa a, fòk gen natif natal ou byen moun ki pale lang nan byen, pou korije chak grenn mo.

 

© Logipam.org Tout dwa rezève